DiaspoArt, yon pati nan Island Faith Productions Inc., se mak ofisyèl de yon liy distenktiv kat salitasyon ki ekri an Kreyòl. Nan moman kounyè a, tout kat salitasyon yo disponib seswa an Anglè oubyen Panyòl e pafwa, nan lang Fransè. DiaspoArt konprann bezwen an nan fason ke l konsidere lang Kreyòl Ayisyen an enpòtan nan yon kominote ki pa gen resous ak pwodwi ki adrese pèp la. DiaspoArt rete kwè ke jefò sa yo pap sèlman pwomote biznis nan kominote Ayisyèn lan, men yap jayi fyète e yap ankouraje komès Ayisyèn lan. Plizyè kat salitasyon yo ap gen ladan yo atizay ak tèm Ayisyèn ki djanm. Kat Salitasyon sa yo pral disponib nan entènèt pou tout Ayisyen Ameriken toupatou sou latè.
English Translation